top of page
Rechercher

Yon komite tou nèf pou Rotary ak Rotaract nan Leogane .

  • Photo du rédacteur: Radioteleprosch
    Radioteleprosch
  • 17 juil. 2022
  • 2 min de lecture

Se sou direksyon Asistan Gouvènè Fritz Pierre Louis ke Enjenyè Jackson Maddy prezidan Rotary pou lane 2021-2022, pase mayèt la bay Wesly Pierre ki vini nouvo prezidan Rotary Leogane nan yon seremoni pasasyon dimanch 17 jiyè 2022 a , nan oditoryòm Fakilte syans enfimyè Leogane( FSil ).


Se anprezans plizyè pèsonalite tankou Reveran pè Yves Yanis, reveran pè Yves Seme, reprezantan komisarya polis Leogane ,laprès pale ,ekri ak televize ak anpil lòt gwo pèsonalite nan komin nan ke 2 pasasyon pouvwa sa yo te fèt.Youn pou Rotaract e lòt la pou Rotary .

Prezidan Rotaract klèb , kap sòti a Sylvain Matelaud, prezante bilan aktivite yo reyalize pandan lane manda yo, nan diskou li nan sikonstans la li deklare ke grav kriz kap sakaje bil peyi a te gen gwo konsekans sou yo men sa pat anpeche yo reyalize kèk aktive tankou kolekte plis pase 60 pochèt san, repare sistèm tiyo TPS ak blòk sanitè elatriye ak mete kanpe yon klèb echèk .Matelaud Sylvain renouvle angajman li pou l toujou mache men nan men ak prezidan eli tou nèf la, Watson Douillard.


Prezidan ki fèk monte a nan diskou li fè konnen ke ane sa a Rotaract angaje li pou l patisipe nan plizyè aktivite tankou leogane ansante, leogane ap pedale, sansibilize popilasyon an sou kesyon ris ak dezas pou site sa yo sèlman.

Sou bò pa Prezidan Rotary kap sòti a Jackson Maddy , li pase echap la bay Wesly Pierre ki vini prezidan eli 2022- 2023, nan diskou li Wesly Pierre di li onore pou l vini prezidan Rotary , li di li konte sou kolaborasyon tout moun pou pwojè yo rive abon pò.


“Nan seremoni sa a Rotaryen yo te pwofite onore Doktè Yves Boissonnière ki te ede yo realize jounen “ Santé de la mère et de l’enfant “ nan date 30 avril 2022 a . Daprè chef pwotokòl Elvis Cinéus “Imaginons le Rotary “se slogan saa ki alamòd ane saa pou Rotary ak komite ki fèk pran pouvwa a nan Leogane .Yo pwomèt yap imajine tout sa ki bon e ki bèl pou yo ta reyalize pou zòn nan e pou tout peyi sou la tè nan jou kap vini yo .Moun ki vle ede ,Rotary ap tann nou tout .




Yvena Colas

RadioteleProsch

 
 
 

Comments


bottom of page