top of page
LOGO PROSCH.jpg
Rechercher

Pwen près sou pasaj 𝐨𝐮𝐫𝐚𝐠𝐚𝐧 𝐌𝐞𝐥𝐢𝐬𝐬𝐚: Otorite minisipal yo ak pwoteksyon sivil Leogane.


ree

Photo Prosch Info


Pwen près sou pasaj 𝐨𝐮𝐫𝐚𝐠𝐚𝐧 𝐌𝐞𝐥𝐢𝐬𝐬𝐚: Otorite minisipal yo ak pwoteksyon sivil nan Leogane te bay yon pwen deprès nan kad mezi pwoteksyon sivil ap pran pou sansibilize popilasyon an fas a menas ouragan Melissa.


Pandan pwen de près la yo te abòde preparasyon ak jesyon risk ki lye a ouragan Melissa nan peyi a patikilyèman nan komin Leogane, aksyon pwoteksyon sivil pou sansibilize popilasyon an ak idantifye zòn ki lye ak inondasyon. Yo site kèk sant refij tankou legliz ak lekòl , tankou Lise Anacaona , Louis Borno, lekòl Nasyonal.


Objektif yo se pa gen moun mouri ak materyèl pèdi pandan siklòn yo. Pwoteksyon sivil di li fè pòt a pòt rankontre popilasyon an , chita ak notab yo, ajan kominotè yo, diferan antèn yo kominote yo pou enfòme sou sitiyasyon yo epi kenbe relasyon avek polilasyon an ki santi yo menas pa ouragan Melissa.


Fas a sa Pwoteksyon sivil Leogane renouvle angajman li pou kontinye sansibilize popilasyon an nan lide pou pa pèdi moun ak materyèl. Nan sou sousi pou moun ki nan zòn riske a gwo dlo kap desann, deboulonnay tè, glisman tèren, yo mete plizyè sant refij disponib pou fanmi yo deplase si yo santi yo menase; Lise Anacaona , lekòl Louis Borno (kay Frè ), Kolèj Quisqueya pou sant vil. Leogane, 1e seksyon Desous, Lekòl Nasyonal Bosan, Legliz De Dieu kafouvè, lekòl Nasyonal Chavann ak Ripe Morèl , 2èm seksyon Tirivyè Lekòl Nasyonal Flon, Nasyonal Bire, Nasyonal Guerin- 3èm seksyon Grandrivyè , Lekòl Sainte-prist Dabòn , Sainte-Therèse Dabòn ak lekòl Nasyonal Dabòn.


 
 
 

Commentaires


bottom of page