Gran Sid-Eveil Grand sud/symposium du grand sud.
- Radioteleprosch

- 19 oct.
- 2 min de lecture

Evèy Gran Sid yon oganizasyon sosyal apolitik te bay yon konferans pou laprès dimanche 19 oktob 2025 , pou prezante bilan yo reyalize pandan lane egzistans. Òganizasyon sa ki regwoupe Gransid la ki kontinye chèche otonomi li, di ase sou deteryorasyon sosyo ekonomik moun nan rejyon Gransid.
Charlot Murat,Koòdonatè Jeneral EGS plede pou yon Gransid mèt tèt li. Nan sans sa li mande ak popilasyon an cheche otonomi li, nan moman komin Gresye ak Mariani te louvri pòtoprens te absòbe tout resous nou, menm pou ale lekol , sa fè nou gen yon defisi total nan resous zimèn ki kalifye ki pou mete rejyon an sou lyin developman l. Eveil Grand sud la di y ap chèche otonomi Gransid la, yap goumen pou desantralizasyon an jan lwa peyi a di sa, jan konstitisyon an mande sa. sepandan otonomi sa pa ka fèt san sitwayen yo, peyizan ,jèn kad yo.
Charlot Murat, denonse konsèy prezidansyèl tranzisyon li di ki echwe ak misyon li pa menm rive louvri wout Gransid la pou pèmèt peyizan yo rale yon souf.
Òganizasyon sa a, kritike gouvènman pwovizwa a , yo plede pou aparisyon yon nouvo lidèchip nan tèt leta a, pou mennen nan konferans Nasyonal.
Eveil Grand sud renouvle angajman yo pou lite pou pèmet Gran sid la desantralize malgre bilan yo fèb pou yon lane men li di moman an rive pou nou mete tet ansanm, kòb nou ansanm pou n kreye mwayen pou rann nou otonòm. Pou li gen yon sanblan efò ki fet pou pò ak Ayepò nan sid la , pou yo se poko sa paske poko gen chanjman nan pri machandiz yo. Yo plede pou yon po pou kapab ekspòte mango, lam, bannan, elatriye pou yo kapab vann ak lot peyi, yo kontinye plede pou pò ak Ayeopò pou voye vann pwodwi nan lòt peyi.




Commentaires