top of page
LOGO PROSCH.jpg
Rechercher

Y.A.P angaje l pou mete 1 375 850 goud disponib pou pon Bosan.

7 juil.
2 min de lecture

7 juillet 2026- Leogane

Radioteleprosch
Radioteleprosch

YAP angaje l pou mete 1 375 850 goud disponib epi pataje tout etid pwojè a.


Òganizasyon Yogan Ap Pedale (YAP) ak reprezantan Blòk B te reyini lendi 6 jiyè 2026 pou fè yon chita pale sou avansman pwojè konstriksyon pon sou Rivyè Bosan, yon enfrastrikti ki gen pou konekte lokalite Bosan, Bito, Bosye ak Belok.


Pandan rankont lan, administratè jeneral YAP la, Me Raymond Evens, te salye inisyativ la epi li fè konnen òganizasyon an toujou te gen volonte pou wè pwojè sa a rive reyalize. Dapre li, YAP pa t janm anvizaje avanse pou kont li sou yon pwojè ki konsène dirèkteman kominote Blòk B a.

Li raple se YAP ki te pote pwojè dalo a epi ki te òganize kat edisyon aktivite pou ranmase lajan nan objektif pou finanse konstriksyon pon an. Malgre plizyè efò ki te fèt, se mank finansman ki te anpeche pwojè a antre nan faz egzekisyon.


Me Raymond Evens fè konnen tout etid teknik yo deja disponib e YAP pare pou mete yo nan men nouvo ekip k ap mennen dosye a. Li anonse tou òganizasyon an deside mete 1 375 850 goud ki deja disponib nan fon li yo kòm kontribisyon pou pwojè a, menm si li rekonet montan sa a pa sifi pou finanse tout travay la.


Selon li, kolaborasyon ant YAP ak Blòk B ap fasilite rechèch lòt patnè ak lòt sous finansman pou mennen pwojè a rive nan bout li. Li ensiste tou sou nesesite pou tout pwosesis la fèt nan pi gwo transparans.


Nan fen rankont la, de pati yo dakò pou travay men nan men anba kowòdinasyon Meri Léogâne, ki pral asire sipèvizyon jeneral pwojè konstriksyon pon sou Rivyè Bosan.

Pou bò pa li, Blòk B reyafime li pa gen entansyon avanse san patisipasyon YAP. Reprezantan yo remèsye òganizasyon an pou tout efò li te deja fè pou mete pwojè a sou ray, pandan yo lanse yon apèl bay tout kominote a ak lòt moun ki gen bon volonte pou sipòte inisyativ la.


Nap raple, pandan yon vizit sou ansyen pon Wout Nèf la, delegasyon Meri Léogâne te konfime pwojè pon an ap bati sou Rivyè Bosan, yon enfrastrikti ki dwe amelyore sikilasyon ant premye seksyon Desous ak plizyè lòt lokalite nan zòn nan.



Radioteleprosch


 
 
 

Commentaires


bottom of page