MERI Leogane AK POLIS rasire POPILASYON AN SOU Sitiyasyon SEKIRITE A.
- Radioteleprosch

- il y a 1 jour
- 3 min de lecture

Leogane, 3 septembre 2026
Administrasyon minisipal Leyogan, ki gen majistra Roberson Mimy nan tèt li, akonpanye ak lòt manm konsèy la, Dorly Leriche ak Elwide Romain, administratè Alteau Jean-Baptiste ak direktè meri a Wilbert Baptiste, te bay yon pwen pou laprès jedi 3 septanm 2026 la.
Pwen pou laprès la te fèt an prezans komisè prensipal polis la, Jean Sony Joseph Louidor, ansanm ak adjwen li. Sekirite nan komin nan ak menas ki pèsistan depi plis pase twa zan te nan mitan prensipal sijè yo.
Majistra Roberson Mimy salye popilasyon 13 seksyon kominal yo, katye yo ansanm ak manm dyaspora Leyoganèz la. Li mete aksan sou efò administrasyon minisipal la ap fè pou kontinye fonksyone epi reyalize pwojè malgre difikilte finansyè yo. Li site pami avansman yo konstriksyon ak renovasyon kèk batiman administratif.
Sekirite rete youn nan pi gwo priyorite yo
Sou dosye sekirite a, majistra Roberson Mimy bay popilasyon an asirans administrasyon minisipal la ansanm ak Polis Nasyonal Ayiti ak lòt aktè k ap travay nan komin nan rete mobilize pou fè fas ak menas ki kapab parèt.
Majistra a rekonèt gen anpil rimè k ap sikile sou sitiyasyon sekirite Leyogàn, men li fè konnen administrasyon an ak lapolis ap pran tout dispozisyon nesesè pou verifye enfòmasyon yo epi prepare yo pou nenpòt evantyalite. Li fè konnen Leyogàn rete yon defi pou tout moun k ap pran malen plezi pou vin simen laterè anndan peyi a, sitou apre plis pase twa lane kote popilasyon an ap fè fas ak divès kalite menas.
Li souliye batay kont ensekirite a pa sèlman responsablite meri ak lapolis, men li mande patisipasyon tout popilasyon an. Li salye travay brigadye yo, li konsidere kòm volontè enpòtan nan efò pou kenbe komin nan kanpe.
Majistra a mansyone tou kolaborasyon ak lòt estrikti ak gwoup k ap pote kontribisyon yo nan sekirite komin nan, pami yo FAD’H , LLK , Ponpye ansanm ak lòt fòs viv nan komin nan.
Li fè konnen Leyogan pa p sede devan moun ki ta vle simen laperèz nan komin nan.
Apèl bay dyaspora ak sosyete sivil la
Majistra Roberson Mimy lanse yon apèl bay dyaspora Leyogàn nan, sosyete sivil la ak tout lòt sektè yo pou kontinye pote kontribisyon yo nan devlopman komin nan. Nn Li di pòt meri a rete ouvè pou resevwa sijesyon, konsèy ak patisipasyon tout moun ki vle mete men nan travay k ap fèt pou ranfòse sekirite, amelyore sèvis piblik yo epi fè plis pwogrè nan komin nan.
Lapolis di li gen kontwòl sitiyasyon an
Pou bò pa li, komisè prensipal Jean Sony Joseph Louidor di fòs lòd yo pran dispozisyon pou ranfòse sekirite sou aks Gresye–Leyogan.
Li eksplike lapolis konsidere plizyè enfòmasyon k ap sikile yo kòm rimè, paske fòs lòd yo verifye diferan sikwi ak pwen ki ta kapab reprezante posib brèch pou gwoup ame yo.
Komisè Louidor fè konnen, jiskaprezan, lapolis estime li gen kontwòl sitiyasyon sekirite a nan jiridiksyon an. Li di patwouy yo ap fèt regilyèman pou kontwole zòn ki konsidere kòm sansib epi bay popilasyon an plis garanti. Li envite popilasyon Leyogàn nan kontinye viv ak fè aktivite li yo san panik, pandan li rasire l pa gen okenn menas imedya ki ta dwe lakòz popilasyon an rete paralize.
Komisè a ensiste sou enpòtans kolaborasyon ant lapolis ak popilasyon an. Daprè li, patisipasyon sitwayen yo nan sistèm sekirite a se youn nan eleman ki pèmèt otorite yo jwenn rezilta. Li estime relasyon ant lapolis ak popilasyon an nan Leyogàn konstwi yon sistèm sekirite ki pi solid e ki kapab reponn ak defi komin nan ap fè fas.
Mesaj prensipal otorite minisipal yo ak responsab polis la se menm bagay la : popilasyon Leyogan dwe rete kalm, vijilan epi kolabore ak fòs lòd yo, pandan otorite yo kontinye pran dispozisyon pou pwoteje komin nan.
RADIOTELEPROSCH




Commentaires