top of page
LOGO PROSCH.jpg
Rechercher

Auguste D’Meza denonse yon ensekirite li di k ap enstitisyonalize ann Ayiti.


26 Aout 2026: Pwofesè Auguste D’Meza pa mete dlo nan bouch li pou denonse sitiyasyon ensekirite k ap kontinye agrave ann Ayiti. Dapre li, fenomèn nan mache kòtakòt ak peryòd tranzisyon politik yo. Li estime tou, chak fwa gen yon nouvo tranzisyon, enflasyon an ogmante, pandan kondisyon lavi popilasyon an ap vin pi difisil. Li fè deklarasyon sa nan mikro Radioteleprosch.


Pwofesè D’Meza ale pi lwen lè li akize kèk aktè ki ta vle enstitisyonalize epi pèrenize ensekirite a, paske, dapre analiz li, sitiyasyon sa a kreye opòtinite pou yon ti gwoup moun ki gen mwayen ekonomik, ansanm ak kèk moun yo ta rekipere nan divès sektè, pou yo emerje epi chanje pozisyon ekonomik yo.


Li konsidere mekanis sa a kòm yon fòm patisipasyon nan krim ak nan sa li dekri kòm yon “jenosid” k ap fèt sou pèp ayisyen an. Pou li, ensekirite a vin tounen yon sous anrichisman pou kèk pwomotè vyolans, ki ta ap konstwi richès yo sou san ak sou soufrans popilasyon an.


Sou kesyon sikilasyon zam yo, pwofesè a mande klèman: ki kote zam yo pase pou yo antre nan peyi a? Li fè konnen gen plizyè pò kote machandiz ka antre an Ayiti e li mande kiyès ki kontwole, pwoteje oswa antreteni sistèm sa a.


Pwofesè D’Meza pran egzanp atak ki fèt nan Kenskoff la pou mete aksan sou reyaksyon otorite yo. Li kritike sa li konsidere kòm yon silans twòp devan zak vyolans yo, pandan li poze kesyon sou fason otorite yo t ap reyaji si menm kalite atak la te fèt nan yon zòn ki pi pre gwo otèl nan Pòtoprens oswa nan zòn kote gen rezidans gwo responsab leta yo.


Dapre li, reyaksyon otorite yo pa ta dwe depann de kote viktim yo ap viv. Li denonse yon sitiyasyon kote, selon ekspresyon li, “fòk yo montre kadav” pou pwoblèm nan jwenn atansyon.


Eleksyon: D’Meza di sekirite dwe vini an premye


Sou kesyon eleksyon yo, pwofesè Auguste D’Meza estime diskou sou òganizasyon eleksyon yo ap kontinye jouk mwa desanm, malgre, dapre li, plizyè obsèvatè deja rive nan konklizyon ke kondisyon yo pa reyini pou yon eleksyon kredib.


Li deklare Ayiti pèdi yon pati nan limanite li kòm yon pèp, e li konsidere destriksyon sa a kòm yon bagay ki ka fè pati yon plan.


Pwofesè a kritike tou aktè politik ki, pandan sitiyasyon sekirite a ap degrade, ap prepare dosye pou patisipe nan eleksyon. Li estime li pa nòmal pou gen kanpay elektoral ak preparasyon politik pandan popilasyon an ap mouri anba vyolans, grangou ak lòt kriz sosyal.


Dapre li, kesyon priyorite a pa ta dwe kòmanse ak eleksyon. Li estime premye minis Alix Didier Fils-Aimé ta dwe mete konsolidasyon enstitisyon leta yo an premye, avan tout lòt konsiderasyon politik.


Pou fini, pwofesè D’Meza lanse yon apèl pou peyi a pa retounen sou menm aktè politik li estime ki te deja echwe. Li envite popilasyon an rete vijilan epi li sèvi ak yon ekspresyon ki frape:


“Ranyon pa resikle, kale je nou.”


RadioteleProsch

 
 
 

Commentaires


bottom of page