top of page
LOGO PROSCH.jpg
Rechercher

Enskripsyon elektè yo demare nan komin Leyogàn.


Radioteleprosch
Radioteleprosch

Leogane, 12 Aout 2026. Finalman pwosesis enskripsyon elektè yo demare ofisyèlman nan komin Leyogàn, jan Konsèy Elektoral Pwovizwa a te anonse l. Lansman ofisyèl la fèt mèkredi 12 dawout 2026 la, nan Lycée Anacaona, an prezans reprezantan KEP, manm BEC, ASE ak ADRE, ansanm ak otorite minisipal yo ak lapolis.



Nan okazyon lansman an, komisè polis Leyogàn nan, Jean Sony Joseph Louidor fè konnen lapolis pare pou akonpaye pwosesis la. Li salye patisipasyon popilasyon Leyogàn nan, pandan li souliye san patisipasyon sitwayen yo, li t ap difisil pou travay enskripsyon an rive fèt jan sa dwe fèt.


Komisè a bay garanti tou sou plan sekirite. Li fè konnen lapolis Leyogàn pran angajman pou akonpaye Biwo elektoral kominal ( BEC ), ki se enstans Konsèy Elektoral la nan komin nan, nan objektif pou pèmèt pwosesis elektoral la dewoule nan bon kondisyon. Daprè li, dispozisyon sekirite yo deja anplas e otorite yo pral kontinye konsolide yo pou asire bon fonksyònman aktivite yo.


Bò kote pa li, prezidan BEC la Céne Elidieu, fè konnen 14 sant enskripsyon ap fonksyone nan komin nan, avèk yon objektif anviwon 100 enskripsyon chak jou.

prezidan Biwo Elektoral kominal la raple popilasyon an lis sant enskripsyon elektè yo:

Sant Vil

1- Lycée Anacaona de Léogane

2- École Louis Borno FIC

3- Institution Mixte Homera Altiné


1 è seksyon Desous

1- École Nationale de Dessources

2- École Wesleyenne de Dufort

3- École Nationale de Belloc

4- École Nationale de Buteau


2 ème Seksyon Tirivyè

1- École Nationale de Guerin

2- École Nationale de Croix- des- Pères

3- École Nationale de Biré


3 ème Seksyon Gran Rivyè

1-Ecole Nationale de Darbonne

2- École Nationale de Deslandes

3- École les Abeilles D' ASPAM


15 ème Seksyon Palmiste-à-Vin

1- École Epiphanie de l'Acul


Yon pwen enpòtan pou sitwayen yo sonje: se nan sant kote yon moun enskri l ap genyen pou vote jou eleksyon an. Se poutèt sa, li enpòtan pou chak sitwayen chwazi epi verifye sant enskripsyon li avèk anpil atansyon,wap bezwen mache ak Kat idantite w.


Otorite elektoral yo lanse yon apèl bay popilasyon Leyogàn nan pou l patisipe aktivman nan pwosesis la epi pran dispozisyon pou l enskri nan sant ki pi apwopriye pou li.


Radioteleprosch



 
 
 

Commentaires


bottom of page