top of page
Rechercher

ULCC envite Raoul Pierre Louis pou yon fas a fas ak 3 manb CPT li akize yo

  • Photo du rédacteur: Radioteleprosch
    Radioteleprosch
  • 10 sept. 2024
  • 3 min de lecture

ree

Eskandal BNC: Akò 21 Desanm gen yon delè 72 èdtan pou bay non ranplasan konseye prezidan Gilles la, apre yon rankont ak CARICOM lendi 9 septanm nan


Nan dosye eskandal BNC a Raoul Pierre Louis envite jwen envitasyon ULCC pou konfwonte prezidan-konseye Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin nan kad ankèt ki louvri nan dosye BNC a. Chèf sekirite Gilles Onad Fontaine envite tou nan konfwontasyon sa a.


Akizasyon kont Ayisyen: Pou koupe tout rimè sou akizasyon san fondman Sou dosye Ayisyen nan ohio kap manje bèt domestik tankou kana ak chat . Direktè minisipal vil sprinfil la ki pale ak jounal politikameriken thehill, fè konnen, pa gen okenn rapò kredib oubyen akizasyon ki fèt sou zafè bèt domestik Ayisyen ta blese oubyen manje.



Lapolis demanti enfomasyon kap sikile sou tout rezo sosyal yo sou Ayisyen nan Springfil Oayo kap manje chat ke repibliken yo ap chèche eksplwate kòm chwal batay yo nan moman Eleksyon prezidansyel Etazini yo ap avanse.



Leogane-Bwa kale: Lapolis pa arive pwoteje Almando Dufleurant alyas Leo otè krim Josita Moril Mickael. Popilasyon nan 5èm seksyon kominal Palmisaven pa kache kolè yo sou machin ki tap transpòte Leo nan komisarya Tigwav.


ree


MNEFP :Ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonel (MNEFP) pibliye Rezilta egzamen leta pou klas 9e ane fondamantal yo lendi 9 septanm nan , depatman lwès reyisi a 89%, aloske depatman Nò gen yon to 90%.


Sou 68,852 kandida, 61,015 admi. Cité-Soleil ak La Gonâve to reyisit yo 97%, Delmas, Pòtoprens ak Léogane nan 92%. Ganthier anrejistre pi ba pousantaj 72%.


Potoprens Ensekirite:Pwòch Jean Dramane Simon dekouvri kadav li jou lendi 9 septanm nan anfas CONATEL la, blòk avni Kristòf. Jean Dramane Simon se yon etidyan nan « Ethnologie ak FDSE » epi kad nan ministè kondisyon fanm.


GaryConille: Premye Minis Garry Conille te rann li nan Katye Jeneral Fòs Lame d Ayiti (HQ/FADH) lendi 9 septanm , nan lide pou ranfòse kapasite operasyon fòs de lòd la. Dapre sa li ekri sou kont X li



Arestasyon: Lapolis arete epi prezante Schneidine Fevilien , Sherwing Joboham, ak Lucinne Alexandre kom manm gang Chen Mechan , moun sa yo pou patisipe nan piyaj,boule sou komisarya Divivye zak kriminèl , Polis Nasyonal Dayiti (PNH) te arete twa sipèk sa yo nan Delmas 31 nan wikenn nan.



Lapolis nasyonal Dayiti di li sezi yon machin gang «400 Mawozo» a te konn ap itilize, li sezil nan kafou Marasa nan kad yon entèvansyon UDMO/Lwès-2 te fè nan zòn kafou Marasa, dimanch 8 septanm 2024 la, nan komin kwadèboukè.




Move tan: Tanpèt twopikal Francine ki pa prezante yon gwo menas pou Ayiti, fèk fòme nan Gòlf Meksik, ak van maksimòm soutni 85 km/h. Li ap deplase nan nòdwès a yon vitès 7 km/h. Dapre National Ouragan Center, ki baze Ozetazini, tanpèt Francine kapab rive nan yon nouvo etap enpòtan nan premye èdtan Mèkredi e li ta pral tounen yon siklòn Kategori 1 nan fen nan jounen an nan eta Louisiana.



Venezyela: Lidè opozisyon Venezyelyen an, Maria Corina Machado, bay asirans lendi 9 septanm 2024, jou apre ekzil kandida opozisyon an nan peyi Espay Edmundo Gonzalez Urrutia, ke l ap "rete nan Venezyela" pou l kontinye "lit" pou pouvwa a.



Eleksyon prezidansyèl Etazini: Ozetazini, deba ant Donald Trump ak Kamala Harris ap dewoule jounen madi 10 septanm nan. Premye fas a fas nan kanpay prezidansyèl sa a ant de kandida yo yon nan mwen pase de mwa anvan eleksyon an.


 
 
 

Bình luận


bottom of page