Leyogan: Otorite minisipal yo evalye ansyen pon Wout Nèf la pou yon pwojè relokalizasyon sou rivyè Lawouyòn
- Radioteleprosch

- il y a 19 heures
- 2 min de lecture

Leogane, 5 juillet 2026.
Yon delegasyon ki soti nan Meri Leyogàn, avèl responsab Jeni minisipal la enjenyè Junold PIERRE, administratè meri a Alteau Jean-Baptiste nan tèt li, te fè yon vizit enspeksyon samdi 4 jiyè 2026 sou ansyen pon Wout Nèf la. Demach sa a antre nan kad yon pwojè ki vize deplase pon an pou enstale l sou rivyè Lawouyòn, yon enfrastrikti ki ta pèmèt amelyore aksè ant plizyè lokalite nan premye seksyon Desous komin Leyogàn.
Vizit la fèt apre Komite Devlopman Blòk B te soumèt yon demann bay Meri Leyogàn pou rekipere ansyen pon wout nèf la. Daprè komite a, pon sa a ta sèvi pou konekte Bosan, Bito, Bosye Belòk ak plizyè lòt zòn ak rès seksyon kominal la, sa ki t ap fasilite deplasman moun ak machandiz.
Li enpòtan pou raple ke responsab Blòk B yo te deja depoze yon petisyon ofisyèl nan Meri a pou sipòte pwojè a. Pandan vizit la, responsab Jeni minisipal la enjenyè Junold PIERRE fè konnen Ministè travo piblik deja bay yon premye repons favorab sou dosye a. Li eksplike pwochen etap la se yon evalyasyon teknik ki pral detèmine kondisyon nesesè pou lanse travay yo.
Enjenyè a rekonèt pwojè a depase kapasite finansye ak teknik Blòk B sèlman. Se poutèt sa, li lanse yon apèl pou mobilizasyon sipò nan nivo lokal, nasyonal ak entènasyonal, pou pèmèt kominote a rive reyalize enfrastrikti sa a.
Pou pati pa li, administratè Meri Leyogàn nan, Alteau Jean-Baptiste, mande Leta santral aji rapidman devan menas sezon lapli a. Li fè konnen komin nan deja sibi de gwo lapli e li ensiste sou nesesite pou netwaye rivyè Lawouyòn nan ak lòt kouran dlo ki travèse Leyogàn, yon mezi li konsidere esansyèl pou diminye risk inondasyon.
Polynice Jean-Robert, ki te reprezante Blòk B pandan vizit la, pataje menm analiz la. Li estime kominote a pa kapab finanse yon pwojè konsa pou kont li, epi li mande solidarite tout aktè yo, kit se sou plan lokal, nasyonal oswa entènasyonal. Malgre defi yo, li di kominote blòk B rete kwè pwojè a ap abouti, yon inisyativ ki ta pèmèt premye seksyon komin nan jwenn yon lyen dirab ak rès depatman an.
Yvena Colas
Radioteleprosch




Commentaires