top of page
Rechercher

Tansyon nan Leogane Wout Nasyonal # 2

  • Photo du rédacteur: Radioteleprosch
    Radioteleprosch
  • 15 juil. 2022
  • 2 min de lecture

Vil Leogane te leve sou tansyon vandredi 15 Jiyè a. Plizyè dizèn Lavalasyen ki soti Gresye ,Ti Goave ,Leogane ak lòt zòn nan rejyon Palmes nan te foule beton an, pou lavi chè, ensekirite, epi mande pou ansyen prezidan Jn Bertrand Aristide repran tèt peyi a yon 3èm fwa .


Anprezans plizyè kad nan opozisyon an tankou mèt Danton Léger, delege vil, Patrick César, elatriye Manifestasyon an ki te pran wout ri Lalibète fose sid komin leogane tap dewoule pasifikman  pase ri lasous monte granri , sou tout wout la tap mande depa premye minis ai a Ariel Henry , bandwòl ki ekri « Titid se ou nap tann pou vin rezoud pwoblèm Ensekirite ak lavi chè a ». Yo te denonse tou lavi chè , dola ameriken kap monte fas a goud la ,pwoblèm gaz ak ensekirite a.


Manifestan yo te mete barikad boule kawotchou, bloke sikilasyon sou wout nasyonal nimewo 2 a, onivo devyasyon wout nèf, kote lapolis te lanse gaz lakrimojèn pou gaye mach la ,sa ki te monte kòlè manifestan yo ki te move kou kong ,yo te lanse wòch nan direksyon machin ak moto ki te sou pasay yo .Bilan anviwon 3 motosiklèt kraze ak kèk machin andomaje .


Patrick César lavalasyen ,delege vil Leogane nan fè konnen objektif Manifestasyon sa se pou montre nan leogane ke  pèp  Ayisyen an toujou rete solidè ak prezidan Aristide, li di li espere  yon tranzisyon  ripti, pral pèmèt yo chita ansanm pou jwen yon solisyon a kriz la, lè sa pral genyen yon konsèy elektoral pwovizwa ki pral fè yon eleksyon lib ak demokratik.


Pi lwen, Militan Patrick Cesar di yap kontinye pile beton an jiskaske yo jwen bout Ariel Henry e li te pwofite di Bòn fèt a lidè li a Jean Bertrand Aristide .

                      Yvena Colas

            Radiotele Prosch Haïti



 
 
 

Comments


bottom of page