Sante-eNSTalasyon
- Radioteleprosch

- 16 oct.
- 1 min de lecture
Dirèktè jeneral UAS Anacaona Jean Junior Bazelais enstale Me Robert Basquin kòm ADM rejyonal nan UAS Anacaona ak Me Jean Vilio kòm ADM nan sant ospitalye Gresye, mèkredi 15 oktob la nan lokal UAS Anacaona.

Anprezans majistra komin nan Erson Henry, vis delege Awondisman Jonas Bertrand, direktè medikal Gresye a, Dr Lattaque Dieuner, Dr Celestin , ADM kap sòti a Me Pierre Richard Bigord , komisè Jean Sony Louidor ak adjwen li, reprantan lajitis , sosyete sivil elatriye.
Nan diskou li a ADM komin Gresye a me Jean Willio salye minis sante piblik la Sinal Bertrand , konseye Gérard Gilles , li mèsye yo pi konfyans yo plase nan li , anmenm tan li pwomèt pou l travay men nan men ak pwoteksyon sivil, epi anonse sou administrasyon li an tout bagay ap byen fèt , lap travay nan lòd , disiplin ak respè.
Yon lòtbò ADM Robert Basquin ki soti kòm ADM sant ospitalye Gresye li vini koulye a ADM rejyonal UAS Anacaona leogane.




Commentaires