
Radioteleprosch Nouvèl Cho Gran tit 10 Aout 2023
- Radioteleprosch
- 10 août 2023
- 2 min de lecture
Radioteleprosch
Nouvèl Cho
Gran tit
10 Aout 2023
Minis Komès ak Endistri a, Ricardin St Jean bay asirans a 25,000 chofè transpò piblik yo pral benefisye kat gaz nan semèn sa a.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (Menfp) pibliye Rezilta egzamen 9yèm ane fondamantal Jiyè 2023 yo pou Nodes a yon to siksè 87% (54% aplikan kont 46% aplikan).
pakè Pòtoprens libere Jèn rapè Bourik de Latalay ou Wilkinson Kernizan apre li fin tande li mèkredi 9 out 2023 a. Senk lòt kamarad lapolis te arete nan menm jou a te jwen libète yo tou.
Enfimyè Ameriken Alix Dorsainvil ak pitit li endividi te kidnape 27 jiyè a jwen liberasyon yo. Se dapre òganizasyon imanitè kretyen "El Rio Ayiti" ki ap dirije enfimyè a ak mari l Sandro
Nan okazyon komemorasyon 232 lane Seremoni Bois-Caïman, jou ki pral 14 out la, wa vodou ayisyen an, Augustin St-Clou, di li ap tann èd nan men Leta, sitou Ministè Kilti a. Li envite Ayisyen ki soti isit la ak lòt kote pou yo patisipe nan gwo aktivite mistik ak istorik sa a.
8 moun pèdi lavi yo ,nan tibiwon ,okay,jou dimanch 6 août 2023 a. Daprè enfòmasyon yo se 7 sitwayen ak yon prezime bandi, asasinen pa yon brigad nan zòn, aprè ke bandi sa li menm te fin touye 2 sitwayen nan zòn nan.
Nan not pibliye sou paj facebook Lapolis fè konnen yo kraze plizyè espas bandi 400 Mawozo konn itilize anba Mòn Kabrit pou komèt move zak. yon lotbo arete Lapolis arete 2 manm gang Kraze Baryè nan Croix-des-Bouquets.
Ajan patwouy frontalyè etazini arete 6 000 migran nan mwens ke 24 è jou madi 8 dawout 2023 a ,nan vag pasaj ilegal ki komanse mwa pase a.
Fernando Villavicencio kandida alaprezidans nan Ekwatè mouri anba nal nan fen yon rasanbleman patizan li yo Mèkredi swa nan Kito, se Prezidan Ekwatoryen Guillermo Lasso ki te anonse sa
Sport :Haïti U 15 football la kalifye pou demi final apre nou bat Canada 1-0 Cavaly kale ouragan de Camp Perrin 2-0 nan 2ème edisyon koup Gransid .Cavaly 1e nan Gwoup C ak 7 pwen .
Kiltirèl :”Les rencontres des musiques du monde" anonse chantè James Germain ap jwe yon konsè nan "fort de joux", an frans, nan dat k ap 12 out 2023 a, nan okazyon 220 lane depi prekisè endepans ayiti a,Toussaint Louverture te mouri.
Commentaires