top of page
Rechercher

Nouvèl Prosch 02/0724 Nouvèl

  • Photo du rédacteur: Radioteleprosch
    Radioteleprosch
  • 2 juil. 2024
  • 2 min de lecture


Yon atak anplis sou komisarya nan peyi a. Byen bonè nan madi 2 Jiyè 2024 la, rezidan nan komin kafou reveye jwen bandi boule fasad sou Komisarya polis Saint-Charles la nan Kafou


Ouragan BERYL ap kontinye wout li nan direksyon Sidès zile Karayib yo. Selon dènye previzyon yo, BERYL kapab pote anpil danje tankou lapli, gwo van ak lawoul sou depatman Sid, Sidès ak Grand se ans soti demen madi a pou rive mèkredi 3 jiyè.

Inite Idwometeyolojik peyi Ayiti lanse nivo vijilans jòn sou menas ouragan BERYL ki deja frape plizyè zile nan Karayib la.




Pandan jounen lendi 1e jiyè 2024 la, lapolis reprann kontwòl komisarya Gressier. Plizyè polisye ki soti nan Nippes, Sidès ak Sid te arive chase nèg ak zam  nan moman yo te kòmanse kraze komisarya a. Enfomasyon yo fe konnen lapolis stope plizyè  pandan entèvansyon sa.



Lapolis stope Twa endividi ame, manm gang "gran grif" la, nan Kafou Peille dimanch 30 jen 2024, nan Afwontman ak manm kowalisyon Jean Denis, Ti Mépris chef gang ap dirije..





Bank Entè-Ameriken pou Devlopman (BID) bay yon finansman 40 milyon dola pou ane sa a. Lajan sa pral sipòte Ayiti nan efò devlopman li e pou reponn ak priyorite peyi a kounye a, sitou nan kad pwochen eleksyon yo , dapre Premye Minis Garry Conille.





Ansyen komisè gouvènman Pòtoprens lan Me Guillaume voye yon lèt bay Minis Jistis la, Carlos Hercule pou l  dil li pa asepte nouvo pòs la e li remet demisyon li



Anplwaye CAS yo demanti rimè ki ta kwè yo opoze ak nominasyon asistan direktè Elionor Devallon kòm nouvo direktè enstitisyon an.




Moun yo pa idantifye fèmen pòt Biwo komisè Okay la nan lannwit dimanch 30 jen pou louvri  lendi 1e jiyè a. Nouvo komisè a Me James Jean Louis ki pa t kapab antre nan biwo li  jou lendi maten an.



Komisè Divizyonè Ronald Michel enstale ofisyèlman lendi 1e  jiyè 2024 sa a kòm nouvo kòmandan Gwoup Entèvansyon Lapolis Nasyonal Dayiti (GIPNH/SWAT). Sou enstriksyon Direktè Jeneral Enterimè Polis Nasyonal Dayiti, Rameau Normil.



Ajan Ladwàn yo sezi yon gwo kagezon  medikaman nan sal arive ayewopò Toussaint Louverture, ki t ap soti Lafrans abò yon avyon Air Caraibes.




Dapre yon sondaj YouGov pou CBS, 45% nan votè Demokrat yo panse prezidan aktyèl la ak kandida pou reeleksyon an Novanm ta dwe demisyone epi pèmèt yon lòt moun kandida. Nan lòtbò, 55% kwè Biden ta dwe rete kandida.

 
 
 

Comments


bottom of page