top of page
LOGO PROSCH.jpg
Rechercher

vyolasyon prensip endepandans KEP , Max Mathurin denonse.


Ansyen prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) ant 2005 ak 2007, Max Mathurin, leve vwa li kont fason Egzekitif la modifye pwojè dekrè elektoral Konsèy elektoral Pwovizwa ( KEP) te soumèt pou piblikasyon. Dapre li, yon peyi ki pretann ap fonksyone dapre lalwa ak Konstitisyon pa kapab aji konsa san li pa riske fè bak sou plan demokratik.


Nan yon entèvansyon li te fè nan emisyon “Café au lait “ sou RadioTeleProsch kote li te reflechi sou kesyon gouvènans, lejitimite enstitisyonèl ak pwosesis elektoral la, Max Mathurin fè konnen KEP a te menm oblije pibliye yon nòt pou fè konnen tèks ki te rive jwenn piblik la pat koresponn ak pwojè dekrè li te voye bay Egzekitif la. Pou li, sitiyasyon sa a reprezante yon gwo pwoblèm enstitisyonèl ki mande yon solisyon rapid.


Ansyen responsab elektoral la estime Egzekitif la pa gen okenn dwa pou modifye yon pwojè dekrè elektoral KEP a soumèt. Li fè konprann si gouvènman an te gen kesyon oswa rezèv sou kèk dispozisyon, li te dwe antre nan dyalòg ak Konsèy la olye li fè chanjman dirèkteman nan tèks la.


Pou Max Mathurin, se KEP a sèlman ki gen inisyativ pou prepare ak pwopoze lwa oswa dekrè ki gen rapò ak zafè elektoral. Wòl Egzekitif la, dapre li, limite ak resevwa dokiman an epi fè piblikasyon li. Si gen nenpòt kesyon legal oswa konstitisyonèl, li ka remèt obsèvasyon li bay KEP a, men li pa gen dwa pase men nan kontni tèks la.


Li rekonèt travay KEP a pa pafè e pwojè ki te soumèt la pa t nesesèman yon dokiman definitif. Men, sa pa jistifye fason chanjman yo te fèt la. Dapre li, nan yon sistèm demokratik, chak enstitisyon gen limit ak atribisyon pa li ki dwe respekte.


Fè referans ak lespri Konstitisyon 1987 la, Max Mathurin raple demokrasi a chita sou separasyon pouvwa yo ak respè pou otorite chak enstitisyon. Li ensiste sou nesesite pou evite nenpòt konfli ant gouvènman an ak KEP a, paske chak estrikti gen yon misyon presi pou akonpli.


“Nan yon peyi ki gen demokrasi, tout moun se esklav lalwa,” se sa li fè konprann pandan li t ap mande responsab yo aji ak sans responsabilite ak konpòtman vrè òm deta. Selon li, nenpòt tantativ pou diminye pouvwa oswa endepandans yon enstitisyon elektoral kapab afebli fonksyònman demokratik Leta a epi kreye kriz ki pa t nesesè.


Max Mathurin pwofite fè yon analiz pi laj sou kriz politik peyi a. Li estime apre asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse ak pandan peryòd Premye Minis Ariel Henry, peyi a te gen posiblite pou li retounen nan yon pwosesis enstitisyonèl nòmal. Men, selon li, opòtinite sa a te rate. Depi lè sa a, se akò politik ki kontinye sèvi kòm baz fonksyònman pouvwa a.


Pou li, lè yon peyi ap mache sou baz akò politik, li ekspoze ak konfli enterè ak rapò fòs ant diferan aktè yo. Se sa menm ki eksplike tansyon ak malèz ki parèt jodi a ant kèk enstitisyon.


An konklizyon, Max Mathurin avèti Ayiti pa ka kontinye “tounen anwon” ni “fè jwèt tè” si li vle avanse. Dapre li, sèl chemen ki kapab ranfòse demokrasi a se lè chak enstitisyon respekte limit li, jwe wòl li kòmsadwa epi aplike prensip lalwa ak Konstitisyon an san entèferans.


Yvena Colas

Radioteleprosch

 
 
 

Commentaires


bottom of page