top of page
LOGO PROSCH.jpg
Rechercher

Fèt Manman : Femme Intégrées d’Haïti pote lajwa bay granmoun fanm yo nan Village de Jésus

Radioteleprosch
Radioteleprosch

Nan kad aktivite li yo pou selebre fèt manman, òganizasyon Femme Intégrées d’Haïti te òganize, samdi 30 me a nan Guerin komin Leogane, yon jounen espesyal nan Village de Jésus – Kay Kè Poze, yon mezon retrèt ki resevwa granmoun fanm aje.


Nan yon bèl anbyans plen chalè ak afeksyon, plizyè rezidant te benefisye sèvis tankou penyen cheve, benyen, fè zong, ansanm ak yon repa espesyal, pami lòt aktivite ankò. Manm òganizasyon an te pwofite pase tan ak granmoun fanm yo, danse avèk yo epi pataje moman kè kontan pou fè yo santi yo renmen ak apresye.


Kòdonatris òganizasyon an, Rose Gina Gard Saintonge, fè konnen se pa premye fwa yo ap travay ak rezidant mezon sa a. Daprè li, nan okazyon fèt manman, òganizasyon an pa t vle rete endiferan fas ak sitiyasyon granmoun fanm sa yo. Li eksplike objektif vizit la se te pote yon ti atansyon, afeksyon ak lanmou pou fè yo konprann yo pa pou kont yo e yo gen anpil valè nan je sosyete a.


Rose Gina Gard Saintonge pwofite remèsye sitwayen ak enstitisyon ki te sipòte inisyativ la, sa ki te pèmèt aktivite a reyalize nan bon kondisyon. Li eksprime volonte li pou wè plis moun ak plis patnè rejwenn efò òganizasyon an pou kontinye akonpaye granmoun aje yo.


Pou fini, Rose Gina Gard Saintonge lanse yon apèl bay lòt òganizasyon yo pou devlope plis kolaborasyon ak Femme Intégrées d’Haïti. Li fè konnen òganizasyon an disponib pou patisipe ak akonpaye nenpòt inisyativ sosyal, e pa sèlman nan okazyon fèt manman. Daprè li, plis patenarya ak tèt ansanm ant òganizasyon yo kapab pèmèt yo rive touche plis moun ki nan bezwen epi ogmante enpak aksyon sosyal yo nan kominote a.

 
 
 

1 commentaire


Anpil pou nou Prosch
il y a 2 jours

Anpil lanmou pou nou

J'aime
bottom of page