top of page
LOGO PROSCH.jpg
Rechercher

Leyogan : Yon gwo dife detwi yon ansyen kay an bwa ki te gen gwo valè istorik.

Leogane, 23 juin 2026


Yon gwo dife eklate madi 23 jen nan yon ansyen kay an bwa kote fanmi Rodrigue Lissade te abite ,youn nan kay tradisyonèl ki te konsidere kòm pami pi byen konsève nan komin Léogâne, dapre Ing Guston Jean Louis. Pou li se yon moso patrimwàn lokal ki disparèt nan ensandi sa a.


Kay la chita sou Granri sou kote kite genyen ansyen baza Saint-Gérard .Dapre enfòmasyon ki disponib yo, yon fanmi te rete nan kay la e yo te oblije kite lokal la anba gwo flanm dife a. Anpil materyèl boule nan dife a, pami yo te gen plizyè biznis tankou Excellence Electronic Shop ak Cadeau de Dieu Bureau de Change.


Temwen ki te sou plas fè konnen dife a ta kòmanse ant 11è ak 11è 30 nan maten. Sitwayen yo te eseye entèvni avèk mwayen pa yo, tankou bokit dlo, pandan ponpye komin Léogâne yo te rive sou plas. Men, selon temwayaj yo, ekip ponpye a ta rankontre difikilte paske pa t gen ase dlo pou kontwole flanm yo.


Pou kounye a, kòz dife a poko konfime ofisyèlman. Sepandan, yon jèn ki te sou plas deklare li ta ka gen rapò ak yon backup rechajab ki t ap chaje andedan kay sa ki boule rapyetè



Se pa premye fwa sityasyon sa yo repete nan komin Leogane, dife ap pran ponpye rete enpwisan. Otorite yo dwe mennen ankèt pou detèmine orijin ensandi a epi fè limyè sou sitiyasyon an.





Yvena Colas

Radioteleprosch

 
 
 

Commentaires


bottom of page