top of page
LOGO PROSCH.jpg
Rechercher

OAvct

Direktè Jeneral Office d’Assurance des Véhicules Contre Tiers (#OAVCT), Pierre Jean Raymond ANDRÉ, fè enfòme piblik la konnen li lanse yon pwogram espesyal pou renouvèlman kontra asirans, li ouvè depi 6 oktòb pou jiska 3 novanm 2025. Dapre nòt sa a, ki pote siyati li, pwopriyetè machin ki gen kontra asirans ki gen 3 zan li pa renouvle l ap kapab regilarize sitiyasyon l l ap peye yon sèl ane, alòske moun ki gen senk ane ap peye dezan sèlman.

ree

 OAVCT presize ke tout machin ki pa gen asirans pandan senk ane oswa plis y ap retire yo nèt nan sistèm nan apati 4 novanm 2025, epi non pwopriyetè sa y ap pibliye l nan jounal. Nòt la konkli pou di li envite piblik la pou yo pwofite peryòd sa a pou regilarize asirans yo.

 
 
 

Commentaires


bottom of page