top of page
LOGO PROSCH.jpg
Rechercher

Nouvel prosch 28 out 2025

Radioteleprosch

PROSCH INFO

28 Aout 2025





Premye Minis Ayiti a Patisipe nan Reyinyon Triparti Nasyonzini/CARICOM-EPG/OEA a . Nan non konsèy prezidansyèl Tranzisyon an , ak Gouvènman Repiblik la, premye minis Alix Didier Fils-Aimé, te patisipe nan Reyinyon Triparti ke Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) te òganize, avèk patisipasyon Nasyonzini, Kominote Karayib la (CARICOM), ak Gwoup Moun Eminan yo (GPE).




Nan okay plizyè dizèn moun te pran lari Mèkredi 27 Out 2025 la, akoz rimè sou posib revokasyon komisè gouvènman Miragoâne la, Jean Ernest Muscadin. Manifestan yo te eksprime avèk fèmte ak kè sote opozisyon yo a sa yo kwè ki se yon desizyon ki ta ka febli sekirite Gran Sid la plis toujou.




Nan yon Operasyon, Komisè Gouvènman miragwan nan Jean Ernest Muscadin tap dirije madi 26 dawout 2025 lan sezi yon gwo chajman materyèl degè , operasyon sa te dewoule nan entèseksyon Desruisseaux , li konstitye youn nan pi gwo aksyon sekirite ki anrejistre nan dènye semèn yo nan rejyon an.





Lakou Apèl Pòtoprens bay lòd pou tande ansyen Direktè Jeneral Ladwàn nan, Romel Bell, ak madanm li, Anna Dorvil Bell, li dwe parèt an pèsòn. Odyans lan pwograme pou 24 oktòb 2025. Pou nou raple nou, rapò ankèt ULCC a te revele prèv blanchiman lajan ak anrichisman ilegal, li mete aksan sou yon ogmantasyon nan byen Mesye Bell yo estime a 748.77% konpare ak revni lejitim li.




Jij enstriksyon Paul Éronce Villard mete anba akizasyon ansyen majistra Carrefour a Jude Édouard Pierre, ansyen prezidan Federasyon Nasyonal Majistra Ayiti yo (FENAM), ak ansyen majistra Cité Soleil Jean Hislain Frédéric. Yo akize de koripsyon, blanchiman lajan, finansman teworis ak anrichisman ilegal.






Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), an kowòdinasyon avèk Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT), te remèt plizyè kontenè ekipman medikal ak kat machin bay Direksyon Sante Sant ak Nò semèn sa a. Don sa a, ki vo plizyè milyon goud, gen pou objektif sipòte etablisman sante nan de depatman sa yo, ki ap fè fas ak gwo defisit estriktirèl depi plizyè ane.




Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti (OCNH) avèti sou yon menas grav pou dwa idantite an Ayiti, akòz mank difizyon dekrè 4 desanm 2024 la. Sepandan, tèks sa a akòde senk ane pou sitwayen ki pa gen sètifika nesans pou regilarize sitiyasyon yo.





Nouvo Sekretè Deta pou Alfabetizasyon an, Mesye Mozart Clérisson, te fè premye reyinyon li ak direktè Sekretè Deta pou Alfabetizasyon an mèkredi 27 out 2025 la. Pandan diskisyon yo, li te angaje l pou l fè tout sant fòmasyon nan tout peyi a fonksyone nan mwa oktòb 2025. Atravè inisyativ sa a, Sekretè Deta a gen entansyon ofri chak sitwayen aksè a konesans pou tout moun ka kontribye nan devlopman nasyonal la.







…………




CARICOM-EPG/OEA : Premye Minis Alix Fils-aimé te Patisipe nan Reyinyon Triparti Nasyonzini/CARICOM-EPG/OEA a ki òganize, avèk patisipasyon Nasyonzini, Kominote Karayib la (CARICOM), ak Gwoup Moun Eminan (GPE).

Nan diskou li a, Chèf Gouvènman an te eksprime pwofon rekonesans li anvè tout patnè rejyonal ak entènasyonal yo pou solidarite kontinyèl yo ak Ayiti nan moman enpòtan sa a nan listwa li. Li te salye plan aksyon Sekretarya Jeneral OEA a te devlope a, ki bay yon baz pou sipòte efò Tranzisyon an ak efò estabilizasyon nasyonal la.


Reyafime priyorite absoli yo pou retabli sekirite, Premye Minis la te anonse mezi ki vize retabli kontwòl leta nan tout peyi a, sekirize gwo otowout yo, epi ranfòse kapasite Polis Nasyonal Ayisyen an (PNH) ak Fòs Ame Ayisyen (FAD'H).


Premye Minis la renouvle tou angajman fèm Gouvènman Tranzisyon an pou òganize eleksyon lib, kredib, transparan, epi enklizif pi vit posib. Li te repete ke preparasyon yo ap pwogrese anpil: yo idantifye plis pase 85% nan sant vòt yo, yo mobilize 70% nan pèsonèl elektoral yo, epi yo deja garanti 65 milyon dola ameriken nan finansman nasyonal.


Chèf gouvènman Ayisyen an te mande kominote entènasyonal la pou l kenbe epi ranfòse sipò li, pa sèlman an tèm de sekirite ak eleksyon, men tou an tèm de gouvènans, asistans imanitè, ak rekiperasyon ekonomik. Li te ensiste sou nesesite pou yon patenarya ranfòse ak kowòdone pou pèmèt pèp Ayisyen an reprann lapè, estabilite ak espwa pou yon pi bon avni.

Dapre yon not biwo kominikasyon primati a pibliye





DepatmanNip: Nan Miragwàn Komisè Gouvènman an Jean Ernest Muscadin te dirije yon Operasyon nan entèseksyon Desruisseaux yo arive sezi yon gwo chajman materyèl degè madi 26 dawout la.

Dapre premye ankèt yo, kamyon sispèk la te soti Pòtoprens epi ki t ap dirije l nan vil Les Cayes, yo tap transpòte ilegalman minisyon, pyès zam afe, ak plizyè jile pare-bal. Ekipman yo te kache pami machandiz òdinè pou yo te ka evite kontwòl trafik.


Otorite yo te arete chofè machin nan imedyatman epi yo te mete l an detansyon. Yo pa konnen idantite mèt chajman an, sa ki soulve kesyon sou moun ki te la tout bon vre ak destinasyon final zam yo.

Pakè Miragoâne la louvri yon ankèt pou eseye dekouvri rezo a. Otorite jidisyè yo di yo vle demonte rezo ki enplike nan trafik zam, yon fleo ki alimante ensekirite nan peyi a, patikilyèman nan Gran Sid la.




Okay: Nan okay plizyè dizèn moun te pran lari Mèkredi 27 Out 2025 la, akoz rimè sou posib revokasyon komisè gouvènman Miragoâne la, Jean Ernest Muscadin. Manifestan yo te eksprime avèk fèmte ak kè sote opozisyon yo a sa yo kwè ki se yon desizyon ki ta ka febli sekirite Gran Sid la plis toujou. Yo mete aksan sou wòl santral Muscadin nan lit kont ensekirite ak rezo kriminèl yo. Nan je popilasyon mobilize a, Jean Ernest Muscadin rete jiska prezan sèl otorite ki kapab anpeche bandi kowalisyon "Viv Ansanm" yo enstale nan diferan kwen Gran Sid la.





Ayiti/Ensekirite: Jan pòtpawol koyalisyon viv ansanm nan Jimmy Chérisier, alyas Barbecue, te anonse sa, sòlda "VIv Ansanm" yo ap retire kò yo nan Solino, Delmas 30, Nazon, ak Christ-Roi. Mèkredi sa a, machin (machin ak motosiklèt) t ap sikile sou wout Nazon an, dapre Emmanuel Dumé, yon manm mouvman rezistans Solino bandi yo te chase deyò. Moun ki rete lakay yo ak zam otomatik yo rapòte katye yo konplètman detwi pa bandi ame video kap sikile sou rezo yo montre kalite gade kriminèl ak zam yo komèt. Emmanuel Dumé, ki te pale nan emisyon televizyon "Le Rendez-Vous", nye ke retrè mesye ame yo nan katye sa yo se rezilta negosyasyon ant polisye lokal yo ak gang ame yo.

Bandi yo ale, men majorite moun ki rete la, viktim vyolans yo, toujou ap tann anvan yo konsidere retounen yo.




Jistis: Lakou Apèl Pòtoprens bay lòd pou tande ansyen Direktè Jeneral Ladwàn nan, Romel Bell, ak madanm li, Anna Dorvil Bell, yo konparèt an pèsòn. Odyans lan pwograme pou 24 oktòb 2025. Kom ralèl rapò ankèt ULCC a te revele prèv blanchiman lajan ak anrichisman ilegal, yo mete aksan sou yon ogmantasyon disproporsyone nan byen Mesye Bell yo estime a 748.77% konpare ak revni lejitim li.

Li enpòtan pou note tou ke Romel Bell deja sibi sanksyon nan men Etazini pou koripsyon.




:Dapre yon deklarasyon ki soti nan Anbasad Ameriken an nan Pòtoprens, samdi pase a, yon avyon milti-wòl Ajans Ameriken pou Operasyon Maritim (AMO), akonpaye yon avyon Gad Kòt Ameriken, te wè yon kannòt 40 pye ki t ap pote 146 pasaje a anviwon 130 kilomèt nan sid Zile Turks ak Caicos yo.

Anbasad la te mete aksan sou alèt imedya ekipaj AMO a, patnè entènasyonal yo te kapab entèveni a tan, entèsepte bato a epi evite yon katastwòf imen iminan.




Jistis: Jij enstriksyon Paul Éronce Villard mete anba akizasyon ansyen majistra Carrefour a Jude Édouard Pierre, ansyen prezidan Federasyon Nasyonal Majistra Ayiti yo (FENAM), ak ansyen majistra Cité Soleil Jean Hislain Frédéric. Yo akize de koripsyon, blanchiman lajan, finansman teworis ak anrichisman ilegal.


Pwosedi sa yo baze sou yon rapò Inite Santral Entèlijans Finansye (UCREF), ki te mennen sou manda arestasyon kont 2 ansyen fonksyonè minisipal yo. Ankèt la konsantre sou tranzaksyon finansye sispèk ak prezime detounman lajan piblik pandan manda yo.






MSPP : Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), an kowòdinasyon avèk Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT), te remèt plizyè kontenè ekipman medikal ak kat machin bay Direksyon Sante Sant ak Nò yo semèn sa a.


Dapre responsab sante yo, ekipman ak machin yo pral itilize an patikilye pou transpòte pèsonèl medikal, amelyore lojistik epi ranfòse distribisyon medikaman ak founiti yo.

De direktè depatmantal yo, Dr. Wolve Irvens Charles (Santral) ak Dr. Hans Humbold A. Charles (Nò), te akeyi inisyativ sa a. Don sa a, vo plizyè milyon goud. Nan moman Depatman Santral ak Nò yo ap fè fas ak menm defi yo: mank lopital ki fonksyone, mank ekipman debaz, mank medikaman, ak lojistik medikal ki fèb. Kriz sekirite ak ekonomik la ap agrave difikilte sa yo, limite mobilite travayè swen sante yo ak kapasite repons etablisman lopital yo.

Se poutèt sa, arive ekipman sa a reprezante yon soulajman pou popilasyon lokal yo.

Yon lòtbò Otorite yo anonse ke plis livrezon pral fèt nan mwa k ap vini yo nan divès depatman atravè peyi a.





OCNH : Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti (OCNH) avèti sou yon menas grav pou dwa idantite an Ayiti, akòz mank difizyon dekrè 4 desanm 2024

Nan yon nòt ki pibliye mèkredi 27 dawout 2025 lan, OCNH mete aksan sou lefèt ke anpil ofisye eta sivil, sitou nan zòn kominal yo, toujou pa okouran de egzistans dekrè sa a. Akòz mank popilarizasyon Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP), ajan sa yo twouve yo nan yon sitiyasyon kote yo pa kapab delivre dokiman valab, akòz mank baz legal ak materyèl esansyèl tankou rejis ak fòmilè.

"Mank sa a febli gravman dwa idantite ki garanti nan Konstitisyon Ayisyen an ak nan angajman entènasyonal peyi a," òganizasyon an denonse, pandan l ap site Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun ak Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik.

Fas a sitiyasyon sa a, OCNH a ankouraje MJSP a pou l lanse yon kanpay nasyonal ijan pou popilarize dekrè a epi pou l bay biwo eta sivil yo zouti ki nesesè pou aplikasyon li. Li mete aksan sou nati esansyèl mezi sa a nan yon kontèks ki make pa ogmantasyon kantite moun deplase anndan peyi a (IDP) san sètifika nesans, pandan pwochen eleksyon yo ap pwoche.

Dapre òganizasyon an, garanti dwa idantite a rete yon kondisyon esansyèl pou asire tout sitwayènte ak patisipasyon demokratik tout Ayisyen.




Alfabetizasyon :Nouvo Sekretè Deta pou Alfabetizasyon an, Mesye Mozart Clérisson, te fè premye reyinyon li ak direktè Sekretè Deta pou Alfabetizasyon an mèkredi 27 out 2025 la. Pandan diskisyon yo, li te angaje l pou l fè tout sant fòmasyon nan tout peyi a fonksyone nan mwa oktòb 2025. Atravè inisyativ sa a, Sekretè Deta a gen entansyon ofri chak sitwayen aksè a konesans pou tout moun ka kontribye nan devlopman nasyonal la. Anplis de sa, nan okazyon Jounen Entènasyonal Alfabetizasyon an, 8 septanm nan, Mesye Clérisson gen entansyon fè yon apèl pou mande plis konsiderasyon nan men pi gwo otorite yo pou sou-sektè sa a.



UEH: Nan yon kominike pou laprès Rektora Inivèsite Leta Ayiti a (UEH) kondane, mèkredi 27 out la, pratik yon inivèsite prive pran pou bay doktora atravè mekanis Validasyon Eksperyans Akeri (VAE) a, yon pratik yo jije ilegal.

Nan yon deklarasyon sa, UEH la raple ke Atik 12 nan Lwa sou Rekonesans ak Validasyon Eksperyans Akeri (RVAE), ki te pibliye nan Moniteur nan dat 15 Fevriye 2019, entèdi fòmèlman bay diplòm lisans, metriz oswa doktora pa pwosesis sa a.

Rektora a kalifye zak sa a kòm yon "devyasyon akademik grav" epi li deplore mank mekanis regilasyon solid nan edikasyon siperyè prive. Li avèti ke pratik sa yo menase dirèkteman kredibilite diplòm Ayisyen yo, ni sou plan nasyonal ni sou plan entènasyonal.

Fas a sitiyasyon sa a, UEH la mande pou etabli yon sistèm akreditasyon nasyonal ki an akò ak estanda entènasyonal yo, epi li afime volonte li pou kontribye nan nenpòt refòm ki vize pwoteje entegrite sistèm edikasyon an.




ONI: An Ayiti, fo kat idantite nasyonal m ap sikile de pli zan pli, sa mete sekirite finansyè ak entegrite pwosesis elektoral la an danje. Dokiman fo sa yo, ki pwodui pa moun k ap fè fwod oswa moun prive, ka itilize pou transfere lajan kach, fè tranzaksyon labank, epi yo ka itilize pou vote nan eleksyon k ap vini yo. Sepandan Ofisyèlman, Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik la (CINU) gen yon pis elektwonik ke aparèy espesyalize ka li. Men , majorite enstitisyon Ayisyèn yo pa gen zouti ki nesesè pou verifye otantisite dokiman yo. Nan Yon ankèt Ayibopost te mennen li te mete aksan sou limit pratik sa a. Dapre medya a, plizyè fo kat ak nimewo idantik ap sikile epi pafwa yo itilize yo pou sipòte aplikasyon pou paspò. Malgre ke dokiman sa yo fasil pou idantifye lè yo egzamine yo byen, itilizasyon yo pèsiste akòz mank mekanis deteksyon efikas nan enstitisyon finansye ak administratif yo.


Konnen de egzistans pwoblèm sa Direktè teknik li a, Reynaldo Camilus, rapòte ke anpil sitwayen pote plent apre yo fin dekouvri ke nimewo idantifikasyon yo te itilize san yo pa konnen. Souvan yo dekouvri konplo a lè moun k ap fè fwod prezante tèt yo nan Direksyon Imigrasyon an pou aplike pou yon paspò: ofisye yo remake apre sa ke yon lòt moun deja gen menm nimewo a.

ree

 
 
 

Commentaires


bottom of page