top of page
Rechercher

nan leogane Almando Dufleurant touye Josita Mickaelle Moril mennaj li epi lage kò li nan yon jaden kann .

  • Photo du rédacteur: Radioteleprosch
    Radioteleprosch
  • 8 sept. 2024
  • 1 min de lecture


ree

Leogane Krim Pasyonèl-:

Mickaelle Josita Moril ,

yon jèn demwazèl 23 zan , fanmi li rive jwen li nan yon jaden kann ak tout kòl boule kankannen  nan zòn Miton Tirivyè ( Leogane) samedi 7 septanm 2024 .


Paran demwazèl la akize mennaj li  Almando Dufleurant ak kouzen li Elinor Amous, Alyas (Bon an) kòm moun ki ta komèt krim sa a.


Dapre  fanmi viktim nan se yo ki ta touye li anba katouch , yo boule l epi antere li nan yon jaden kann nan sou pretèks li se Madan bandi .


Aprè Lapolis nan te fin mete men nan pat kasav  Almando Dufleurant alyas Leo nan zòn Dekouze kote l te al mawon .Li avwe ke li te peye Elinor Amous (Bon an) 134 mil goud pou komèt zak la. Pou kounye a Leo nan komisarya vil Jacmel.


Mòd krim sa yo pa sispan repete nan peyi a ,se sak fè anpil travay edikasyon ta dwe fèt pou limite dega yo e fè konprann ke lè 2 moun renmen youn pa pwopriyete prive lòt e yo pa gen dwa sou la vi ou lanmò.


Radioteleprosch

 
 
 

Comments


bottom of page