Mèt Belfort ak 4 pwofesè onore/MGM nan wout Panama/18 me
- Radioteleprosch
- 19 mai 2022
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 19 mai 2022
Radioteleprosch
Nouvel Cho
19 Mai 2022
Edikasyon Mèt Levelt Belfort ak 4 lòt pwofesè onore :Jounen madi kite 17 me 2022 a an prezans plizyè otorite nan vil yogann tankou majistra Ernson Henry, Ansyen kandida pou depitasyon leyogàn nan Guston Jean-Louis ak kèk responsab santral misyon Life line(Grangwav), direksyon lekòl kretyèn chemen de vi leyogàn nan (Life line) te pwofite okazyon jounen nasyonal anseyan yo pou te onore direktè lekòl sila Jean Levelt Belfort ki gen plis pase 40 lane depi lap dirije enstitisyon sila a,ak 4 lòt pwofesè Anite Carmélus(madame Max Rosemond), Dilia François (Madame Fritz Belfort),Mr Willio Belfort,Gislaine Germain (Madame Jean Levelt Belfort)ki gen 30 lane depi yap bay sèvis yo ak kominote a,nan okazyon an direktè Belfort te pwofite remèsye gran fré li pastè Wilio Belfort kite fonde enstitisyon sila, misyon Life line,ak tout paran kipa gen gwo mwayen kifè chwa lekòl la pou resevwa moso pen lenstriksyon,premye sitwayen komin nan Ernson Henry te pwofite bay onore yo kèk plak donè,nap raple avan seremoni sila plizyè elèv ak paran,pwofesè, kòdonè te pèfome monte nan ri lakwa desann sou gran ri a pou te retounen nan lokal abityèl yo.
Fèt drapo : Mekredi 18 mai 2022, 138e jou nan ane 2022 a nou nan 20e semèn e rete 228 jou pou ane a fini
Sa fè 219 lane depi drapo ble e wouj la kreye. Li se yon dat kote n ap selebre fèt drapo ak inivèsite a. Nan komin Yogann anpil aktivite ak ti miun lekòl te òganise tankou “Foire artisanal “ nan lekòl La redemption (Ka Amboise ),Fête du drapeau nan Institut Abellard ,Collège Platon e latriye .Ampil lekòl te pran lari pou raple ti moun yo lanmou yo dwe gen pou drapo yo ak sakrifis zansèt yo te fè pou endepandans peyi d’Ayiti .
Kilti :.Apre Tirayè de la garde ki te patisipe nan Karifiesta e Ti Malis kache ki te al represante tandans rara a nan Sendomeng ,bann rara nou yo kontinye ap konkeri lòt teritwa se konsa rara Mande Granmoun ki soti bèl fòtin nan 3em seksyon grand rivyè komin Leogane ki gen pou koulè tradisyonèl ble e wouj blan, te kite peyi a jou mèkredi 18 me a pou l al reprezante kilti Rara a nan peyi Panama, Bravo ak tout moun ki pral prezante ak sipòte bann Rara Mande Granmoun lòtbò dlo
Mande Gramoun fonde an 1939 lane 2022 a fè 83 lane depi bann sa ap pote plezi pou popilasyon Leoganèz la kite peyi a mercredi 18 me a pou yal patisipe nan 6em edisyon “Festival “Journey of reconciliation of mother africa”)
nan peyi Panama, kap kòmanse 19 Me pou fini 25 me 2022.
Nap raple ke an jiyè 2019 Mande Granmoun te resevwa jèn Afriken Kemi Seba ki se yon revolisonyè Afriken.

Tout ekip Anbyans Rara Lakay ak ekip RadioteleProsch la bat bravo lakontantman pou tout bann rara nan leogane espesyalman Banm Mande Granmoun Bèlfòtin kontinye flote drapo peyi Dayiti Ayibobo
.
Comments