Manno Ejèn ,papa Pwezi anwoule /Rubrique “Cogner la poésie “
- Radioteleprosch

- 22 juil. 2022
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 24 juil. 2022
Lèz sou prezantasyon Pwezi anwoule
Pwezi anwoule se divès ti pwezi tou kout(sis vèsè antou) ki enspire langaj daki, pale langaj... pou sa pwoche yon pawòl konsantre... ki dewoule an fòm mayilò, ki merite dewoule pou sa sezi panse à, demele sans ki an katimini ladan yo.
Se yon pwezirefleksyon ki prezante yon vizyon
epi ki konstui pou viwonnen yon pawòl, yon panse kreyòl ki sanble lage alagouy tankou trèy papiyon an vòltij, an loupin nan laviwonn flè...
(Sezon papiyon, 2013).
Papiyon nwa
se non vanyans mwen
depi zèl mwen franchi papòt
kèsote gentan enstale
poutant vòltij mwen pi frajil
pase boujon lavi
(Sezon papiyon, Atelye piblikasyon Plim (O) Mo, 2013).
Ti goute doudous plezire a
tan an yon zepi m ape degrennen
e oumenm tou won jis sa yon fanm
san etikèt san epitèt mwen tann
avèk menm safte premye fwa a
tòtòt dènye pleziyis m ape dolote a
(Pwezi pou anwoule an mwen, Atelye piblikasyon REK, 2019).
Bon vivan devan letènèl
chanèl jouk nan sanswalite pawoli yo lang pou lang
mo pou mo mo sou mo
pleziyis m ape fremi
jouk opwèlyèm
(Letènite lanmou ki san lè parèt),
Manno Ejèn (Emmanuel Eugène,
pou vrè non li) fèt an 1946, nan peyi Kiba. Li pase vitès li nan vil Pòdepè, li grandi nan Pòtoprens, Ayiti. Depi 1975 l ape viv andezo, ant Monreyal ak Ayiti.
Manno ekri sèlman an Ayisyen, sèl lanng zantray li sele bride pou li defini idantite ayisyen li pi byen.
Depi nan laj adolesans li Manno Ejèn ape ekri pwezi.
Manno Ejèn se manm Sosyete Koukouy, yonn nan manm fondatè branch Sosyete koukouy nan Monreyal. Li se tou, ansyen responsab krèy redaksyon Pawòl kreyòl, Revi literè Sosyete Koukouy (2011); prezidan fondatè Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK); ansyen manm Komite pou tabli Akademi kreyòl Ayisyen an (2010-2013); ansyen kòdonatè Jounen entènasyonal kreyòl (Monreyal, 1986-1989). Jounalis, Manno Ejèn se ansyen kowoperan OXFAM Québec (Ayiti Jounal Libète, 1990-1995), manm fondatè premye « Syndicat des travailleurs de la presse en Haïti » (STPH, 1991-1994), jounalis nan jounal « Présence » (Monreyal, 1989-1990), « L'objectif » (1987-1988, Monreyal).
Manno Ejèn pran mayòl « Prix Jacques-Stephen-Alexis de la nouvelle » (1998), pri Mouvman Kreyòl (MK), Koleksyon Koukouy-ONAAC (1967).
Manno Ejèn te envite alonè premye Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL, 1919), patisipe nan « Festival International de la poésie de Jérémie » (2016), « 7èm Festival Littéraire Internati,onal Metropolis Bleu de Motrréal », « Poésie prend le métro » (Monreyal, 2005).
Manno resevwa onè asosyasyon « Samedi Littéraire Haitiano Canadien, nan Ottawa, Canada » (2018); « Association des étudiants haïtiens de l'Université Laval » (2018), Asosyasyn etidyan fakilte IERAH/ISERSS (Inivèsite Leta Ayisyen (2015).
Powèt, nouvelis, epi eseyis, Manno Ejèn pibliye Pwezi pou anwoule tan mwen, yon premye tantif sou konsèp Kreyolizay la (pwezi, Atelye piblikasyon REK, 2019). Sezon papiyon, yon esè sou pwezi anwoule, yon fòm pwezi li envante (pwezi, Atelye piblikasyon REK, 2013). Aganmafwezay (lodyans ak lomeyans, Près Nasyonal Dayiti, 2008), Vwa Zandò/La voix des mystères, yon pwezi sou idantite (pwezi, Mémoire d’Encrier, 2007), Ekziltik (pwezi, Koleksyon Sosyete Koukouy, 1988),
Manno pibliye plizyè tèks refleksyon sou lang ak literati, nan divès revi ak jounal an Ayiti tankou nan dyaspora ayisyen an. Powèt konferansye, Manno Ejèn patisipe nan plizyè resital ak konferans swa sou lang ak sou pwezi.
Andremann Pierre






Commentaires