
ELÈV LISE ANACAONA YO MANIFESTE POU MANDE RETOU PWOFESÈ YO NAN SAL KLAS YO.

Léogane, 26 Octobre 2026.-Grèv-Lise Anacona -: ELÈV LISE ANACAONA YO MANIFESTE POU MANDE RETOU PWOFESÈ YO NAN SAL KLAS YO.
Elèv Lise Anacaona nan Leyogàn manifeste lendi 26 oktòb 2026 la pou mande pwofesè yo reprann travay yo, apre kou yo kanpe depi 19 oktòb, kèk semèn sèlman apre ouvèti ane eskolè 2026-2027 la.
Malgre gwo lapli ki t ap tonbe, elèv yo te pran lari pou fè tande vwa yo epi mande otorite konsène yo pran dispozisyon pou rezoud pwoblèm nan. Nan kòmansman manifestasyon an, lapolis te prezan, epi mouvman an te dewoule nan yon anbyans kalm.
Nan kad mobilizasyon an, elèv Lise Anacaona yo te vizite kèk lòt lekòl prive pou envite elèv yo vin kore revandikasyon yo. Elèv Lekòl Klasik ak Saint-Croix te vin patisipe nan mouvman an, tandiske elèv Kolèj Quisqueya pa t suiv apèl la.

Tansyon ak altèkasyon pandan manifestasyon an.
Sitiyasyon an vin pi tansyon apre elèv yo pa rive jwenn repons yo t ap tann nan men responsab Collège Quisqueya. Manifestan yo frape baryè lekòl la epi voye wòch. Yon altèkasyon pete ant gadyen etablisman ki te parèt pou defann baryè a frape yon elèv, kote kout pwen ak kalòt te echanje. Yon lòt konfwontasyon te pete ant manifestan yo ak kèk rezidan nan zòn nan. Yon sitwayen ki te estime mouvman an pa t rete pasifik menase rale zam si elèv yo ta kontinye frape baryè lekòl la. Menas sa a ogmante kòlè elèv pwotestatè yo, ki kontinye mande pou elèv filo yo soti pou vin soutni batay la.
Elèv yo mande Leta pran responsablite li.
Dapre temwanyaj yon elèv filo , li konprann revandikasyon pwofesè yo k ap mande nominasyon yo nan sistèm edikatif la. Sepandan, li estime se elèv yo ki pi gwo viktim sitiyasyon an, paske yo pèdi tan nan aprantisaj pandan ap gen egzamen. Li denonse lefètke, dapre li, gen pwofesè ki kite lè kou yo nan lekòl piblik pou al vann lè nan lekòl prive. Sitiyasyon sa a, selon temwayaj li, ogmante fristrasyon elèv ki rete san ansèyman. Pou elèv yo, Leta dwe pran responsablite li nonmen pwofesè yo epi regle sitiyasyon salè yo, pou timoun yo kapab reprann aprantisaj yo nòmalman.
Devan kriz sa a, elèv yo poze plizyè kesyon a otorite yo: Ki sa yon jèn dwe fè lè li pa kapab jwenn edikasyon? Ki avni k ap tann yo si yo pa ka prepare pou egzamen yo? E poukisa Leta pa pran dispozisyon nesesè pou regilarize sitiyasyon pwofesè yo epi pèmèt kou yo reprann nan lekòl piblik yo?
Elèv Lise Anacaona yo lanse yon avètisman bay otorite edikatif yo. Yo fè konnen si pwofesè yo pa retounen nan sal klas yo, y ap kontinye mobilize sou beton an jiskaske revandikasyon yo jwenn yon repons.
Radioteleprosch





Commentaires