2 pon kraze…Yon lòt kalvè pou moun Gransid yo
- Radioteleprosch

- 9 juil. 2022
- 2 min de lecture
Li fè dezè ak 4 minit Nou Samdi-9 Jiyè-2022 jou bese leve nan yon peyi men pou chofè kap fè wout Sid la vi a pa dous ditou akòz sikilasyon bloke sou wout nasyonal nimewo 2 a nan pati pon sid komin Leogane .Tout machin oblije vire pou eseye pase andedan vil Leogane akoz pon sou rivyè “Rouyonne”wout nasyonal # 2 (wout nèg) zòn Leogane nan kraze .Pon sa a ke yon konpayi ki rele Mabey Bridge te konstwi an 2005 te gentan deboulonnen an 2016 .Pat gen gwo travay ki te janm fèt ladan n sa ki te deja reprezante yon danje pou machin, moto ak moun apye kounye a vin n nan yon eta kritik.
Moun nan komin Leogane pa t bouke lanse yon SOS bay otorite lokal ak nasyonal sou gwo danje pon sa te reprezante kote boulon kite kenbe pon an malfra te pote yo ale. Vandredi 8 jiyè 2022 a, yon machin ki tap pran direksyon gransid la manke tonbe anba akoz pon an fin kraze.
Pou travèse Leogane chofe yo oblije pran chans pase son yon lòt pon ki pote non “Pont Vincent “ ki konstwi depi sou prezidan Stenio Vincent .Fòk nou di ke sikilasyon gwo machin yo te gentan entèdi sou pon sila a ki li menm tou nan move eta avèk 3 gwo tou ki pa pèmèt 2 machin kwaze akoz tèt di leta santral ki pat deside refè ‘ l lè tout materyèl ki te kòmanse vini pou sa te tounen Pòroprens .Nou gentan konpran n ke pou kantite machin sa yo sikile sou li sa kreye gwo danje ak anbouteyaj.E achak fwa rivyè lawouyòn desann li monte pon Vincent e sa konn kreye gwo panik pou moun travèse.
Pou nou tounen sou pon prinsipal la ki sou wout nasyonal #2 a ,nou te remake plizyè nèg ak pèl ap debleye retire fatra ki bare pon an pou pèmèt kèk machin al riske la vi pasaje yo ki ka vide anba nenpòt kilè .
Travay saa mande pou otorite lokal yo fè gwo dilijans bò kote leta santral sitou Ministè Travo Piblik pou ranje pon yo prese prese si se pa sa chak jou kalvè moun nan Gran Sid ap gen plis ke 14 stasyon misèrere nou konnen déja yo avan yo rive Pòtoprens .
Yvena Colas
Redaktris RadioTeleProsch








Commentaires