top of page
Rechercher

Legliz Sentroz rekanpe pi bèl nan mitan Leogane

  • Photo du rédacteur: Radioteleprosch
    Radioteleprosch
  • 28 août 2022
  • 2 min de lecture

Jan sa te anonse, dedikas nouvo  batiman legliz “Sainte Rose” te fèt dimanch 28 dawout 2022.


Legliz tou nèf pawass Ste Rose de Lima nan Leogane inogire  dimanche 28 dawout 2022 a an gran jan .Avan gran evènman  saa responsab yo te lanse plizyè jou nevèn ki te koumanse samdi 13 dawout pou fini dimanch 21 dawou a sou tèm » Ann viv yon vrè kominyon ak St Rose pou yon legliz pi misyonè ak fratènèl ».

Kontrèman a 23 dawout jou selebrasyon ak  dedikas legliz la te jwen prezans achevek monseyè Max Leroy Mésidor  ak plizyè reveran pè tankou Pè Boniface Cénat  ki te mete ansanm pou te selebre angranpanpan Sen patwòn kominote Leyoganèz la. Nan omeli a monseyè Max Leroy Mesidor te site pawol Pap Bénoit XVI  ,li te pouswiv poul di “litiji jodi a fè n panse a batèm nou, batèm nou se nesans nou nan Kris la, batèm nou se syin nou nan antre legliz la, batèm nan fè nou gen yon veritab gadyen, yon veritab bèje ki se Jezi sovè nou, nou se mouton li, nou se disip Jezi , nou gen pou nou swiv li pou n koute li “.Li raple a tout fidèl yo koman batèm nan enpòtan nan lavi yo. Epi li mande “Frèm ak sèm yo fòk nou rete konsekan ».


Pi lwen monseyè a remèsye Père Yves Anis ak tout moun ki te kontribye pou mete legliz la kanpe .


Apre la mès nan apremidi, oganizatèak fidèl yo te reyalize yon gwo posesyon, ki te demare nan Lekol (EPJC) ekol père Joseph Clasens  pase kay Beauvoir Leriche,  Institut   Abellard ,  andedan chatiley devan kay Lydrale Emile,  pran Direksyon Granri a



, pou ateri nan legliz la ki te klere kou miwa lezanj nan je yon pakèt moun ki te kanpe sou de ran ap kontanple nouvo zèv achitekti sa a ki chita nan kè vil la .


                    Yvena Colas

 
 
 

Comments


bottom of page