Radioteleprosch Nan kad aktivite li yo pou selebre fèt manman, òganizasyon Femme Intégrées d’Haïti te òganize, samdi 30 me a nan Guerin komin Leogane, yon jounen espesyal nan Village de Jésus – Kay Kè Poze, yon mezon retrèt ki resevwa granmoun fanm aje. Nan yon bèl anbyans plen chalè ak afeksyon, plizyè rezidant te benefisye sèvis tankou penyen cheve, benyen, fè zong, ansanm ak yon repa espesyal, pami lòt aktivite ankò. Manm òganizasyon an te pwofite pase tan ak granmoun fanm