
Ijans nan lopital Sanatorium Leogane /Grève jeneral
IJANS NAN LOPITAL SANATORIUM SIGUENEAU NAN LEOGANE : ANPLWAYE YO NAN GRÈV JENERAL
Sitiyasyon an vin pi grav nan Lopital Sanatorium Sigueneau nan Léogâne, kote anplwaye kontraktyèl k ap travay avèk òganizasyon non-gouvènmantal yo antre nan yon grèv jeneral pou denonse kondisyon difisil lopital la ap fonksyone ladan l.
Depi 8 septanm 2026, anplwaye yo te voye yon lèt tou louvri bay Minis Sante Piblik la, Doktè Signal Bertrand, pou mete devan li yon seri revandikasyon. Dapre anplwaye yo, plizyè pwoblèm fondamantal ap anpeche lopital la bay pasyan yo bon jan swen.
Pami pwoblèm yo site yo genyen mank oksijèn, materyèl medikal, gan, kouran elektrik, manje pou pasyan yo ak yon chanm frèt pou konsève kadav. Yo denonse tou eta enfrastrikti lopital la, kote gen pati nan batiman an k ap koule. Anplwaye yo di pafwa yo oblije sèvi ak limyè telefòn pou bay pasyan yo swen.
Anplwaye kontraktyèl k ap travay avèk ONG yo nan lopital la ap mande tou pou Leta regilarize sitiyasyon yo atravè nominasyon. Yo estime revandikasyon sa yo ansanm ak lòt pwoblèm lopital la poko jwenn yon repons satisfè bò kote Ministè Sante Piblik la.
Apre plizyè demach san rezilta, anplwaye yo te deside kanpe travay depi 21 septanm, nan kad yon nouvo faz mobilizasyon.
Lendi 28 septanm nan, mobilizasyon an pran yon lòt dimansyon. Anplwaye ak sipòtè mouvman an te soti nan lokal Sanatorium Sigueneau, pran direksyon Wout Nasyonal #2, pase bò wonpwen Léogâne, rive devan meri a, epi kontinye sou ri Lacroix pou rive devan UCS Anacaona.
Manifestan yo te pwofite okazyon an pou mande Minis Sante Piblik la vin vizite Lopital Sanatorium Sigueneau pèsonèlman. Yo fè konnen, menm lè minis la konn prezan nan komin Léogâne, li poko pran tan pou l ale sou teren an pou konstwi yon vizyon dirèk sou kondisyon lopital la ak sitiyasyon pasyan yo.
Yo rejte sa yo konsidere kòm pwomès ak pawòl ki pa suiv ak aksyon, epi yo mande otorite yo pran responsabilite yo devan kriz la.
Dapre manifestan yo, Sanatorium Sigueneau se youn nan lopital ki jwe yon wòl enpòtan nan pran swen moun k ap viv ak tibèkiloz ak VIH/SIDA nan zòn nan. Yo estime kondisyon aktyèl yo mete lavi pasyan ki pi vilnerab yo an danje.
Grèv la gen konsekans dirèk sou pasyan yo. Nan yon avi pèsonèl lopital la te pibliye, yo te fè konnen yo pa t ap resevwa nouvo pasyan, eksepte moun ki vin pran medikaman. Sitiyasyon sa a mete plis presyon sou pasyan ki soti nan lòt komin ak lòt depatman e ki te deja rive nan lopital la pou jwenn swen.
Yo mande Minis Signal Bertrand pou vizite lopital la pèsonèlman, tande revandikasyon anplwaye yo epi verifye sou plas kondisyon pasyan ak pèsonèl medikal yo.
Yo fè konnen yo pa vle lòt reprezantan voye nan plas minis la, paske, dapre yo, se prezans pèsonèl minis la yo mande pou l kapab wè reyalite lopital la dirèkteman.
Jiskaprezan, anplwaye yo fè konnen mobilizasyon an ap kontinye toutotan prensipal revandikasyon yo pa jwenn yon repons konkrè.
Redaction






Comments